Jedi 16 out 2018 la, manm Wo Eta Majò PNH (Polis Nasyonal d Ayiti) te konparèt devan Komisyon Jistis, Sekirite ak Defans Sena Repiblik la pou yon seyans brase-lide ak enfòmasyon sou dispozisyon otorite yo nan PNH pran (ou pare pou yo pran) pou limite kantite aksidan ki fèt sou wout yo nan peyi a. Jounal Le National ki prezante yon rapòtaj sou rankont la, vini ak chif ki di "depi ane a kòmanse, plis pase 80 moun pèdi lavi yo nan aksidan machin", san konte viktim ki blese.
Prezidan komisyon an, Senatè Jean Renel Sénatus, ki te pran lapawòl pandan rankont la, fè konnen kòmandan fòs polis, Michel-Ange Gédéon, bay manm Gran Kò a garanti ke PHN ap fè fas ak sitiyasyon an gras ak yon pwogram ki pral ranfòse fòmasyon chofè moto-taksi yo, ogmante prezans polisye yo sou wout yo epi y ap retounen avèk sèvis enspeksyon machin yo apati de mwa septanm 2018 la.
Kòmandan PNH la, Michel-Ange Gédéon, ki te pran lapawòl tou nan seyans la, atire atansyon sou le fèt ke “sekirite sou wout yo se pa responsablite otorite lapolis yo sèlman"; e li lanse apèl bay lòt aktè konsène yo ak popilasyon an an jeneral pou yo pote kontribisyon yo nan efò k ap fèt pou mete yon pi bon kontwòl sou sikilasyon machin ak moto atravè peyi a. An palan de popilasyon an, prezidan Komisyon Jistis, Sekirite ak Defans Sena a, Mèt. Sénatus, te chache bay piblik la asirans ke PNH pral redouble efò pou l rive garanti yon klima lapè nan zòn metwopolitèn kapital la, san pliye komin ki tou prè yo, sitou sila yo ki onò Pòtoprens, tankou Kwadèboukè, Gantye ak Tomazo,
Pou sa ki konsène sitiyasyon sekirite a atravè peyi a, kòmandan Gédéon di li rekonèt ensekite a rekòmanse parèt nan Depatman Sid ak Nip; men li ensiste sou le fèt ke PNH prezan tout kote, san blitye “nan zòn non-dwa yo”, tankou Cite de Dye, Tibwa, ak Grann Ravin ki nan antre sid kapital la.
-------------------------------------------------------------
Sous: Jounal Le National