Accessibility links

Breaking News

Gad Kòt Ameriken Rapatriye 82 Boat People Ayisyen ak 40 Kiben


Gad kòt ameriken rapatriye 82 imigran Ayisyen e 40 kiben apre yo te ranmase yo sou lanmè. Responsab yo fè konnen yo bare 82 ayisyen ki te nan yon ti bato tou pre Bahamas vandredi pase a. Gadkot rapatriye moun sa yo nan vil Kap-Ayisyen lendi 4 jiyè 2011 la.

Nan menm koutkat la, menm jou a gadkòt ameriken te rapatriye tou 15 kiben nan peyi yo aprè yo te ranmase yo sou lanmè semèn pase a sou wout pou Key West, ki sou kòt Eta Florid.

Rapatriman 15 Kiben yo rive aprè Gad Kòt te voye tounen nan peyi yo, dimanch pase a, 25 lòt Kiben yon elikoptè Gad Kot te dekouvri nan yon bato ki tap transpote yo nan direksyon zile Key West.

Lèzetazini genyen vizavi Kiben yo yon politik ki rele “Pye-sèk/Pye-mouye”, sètadi yo rapatriye kiben yo kenbe sou lanmè, men yo pèmèt kiben ki deja gen tan rive sou tèritwa ameriken an rete Ozetazini; 2èm tip migran kiben sa yo kapab fè demand rezidans. Politik sa a valab pou Kiben yo sèlman. Kèk militan dwazimen fè konnen Etazini ta dwe bay imigran ilegal ayisyen yo menm privilèj sa a.

Klike sou ikon ki anwo e adwat atik la pou w tande repòtaj Yves Martin Jasmin.

XS
SM
MD
LG