Accessibility links

Breaking News

Gad Kòt Ameriken Rapatriye 342 "Boat People" Ayisyen


Gad Kòt Lèzetazini mennen tounen ann Ayiti, nan dat lendi 2 out la, 342 imigran ayisyen ki te pran lanmè pou al chache yon vi miyò a letranje. Yvan Martin Jasmin, korespondan nou nan Kap Ayisyen, kote "boat people" sa yo debake, fè n konnen imigran yo deklare "si yo te pati kite peyi a, se paske yo pa gen anyen pou yo viv aprè tranblemanntè 12 janvye 2010 la."

Yvan Martin ajoute OIM (Òganizasyon Entènasyonal pou Migrasyon) te sou plas pou akeyi "boat people" yo.

Mizisyen byen koni Michel Martelly, alyas Sweet Micky, konfime entansyon n pou l poze kandidati l pou pòs prezidan an, 4 jou avan kloti rejis enskripsyon yo.

Mesye Martelly bay korespondan nou Rotchild François Junior yon entèvyou kote li di :"Si m pral fè depo kandidati m nan KEP a, lè tout pyès mwen fin pare, m ap mete w o kouran. De tout fason, si m pa kandida, m ap apiye sitwayen m panse ki pi kalifye pou dirije peyi a."

Yon lòt kote, gwoupman politik KORE, ki reyini ansyen avèk aktyèl manm palman an, fè konnen l ap pran kontak ki nesesè pou l chwazi yon kandida ki prale an fas moun kowalisyon k sou pouvwa, INITE, va deziye pou reprezante li nan kous a la prezidans la.

Nan sid peyi Dayiti, manm pèsonèl lopital jeneral la antre an grèv pou yo reklame pèman 10 mwa salè responsab yo we yo. Korespondan nou Jean Hernst Eliscar di nou sitiyasyon sa a gen move konsekans sou malad yo.

Nan Plato Santral la, responsab KAZEK yo ap plenyen pou di otorite santral yo pa ba yo mwayen pou yo fè fas ak bezwen popilasyon an, alòske, menm otorite sa yo konte sou mas pèp la pou vote pou yo nan eleksyon.

Nan Wo Atibonit la, pi presizeman nan vil Gonayiv, chèf sivil Misyon Nasyon Zini pou Estabilizasyon Ayiti (MINUSTHA), Anbasadè Edmund Mullet, byen apresye eta travay misyon an ap fè, an kolaborasyon avèk biwo meri a, pou pwoteje popilasyon an kont inondasyon.

Nan Il Lagonav kèk dirijan politik lonje dwèt sou divizyon ki genyen ant responsab pati yo nan Pòtoprens kòm responsab pwoblèm ki poze nan pwosesis elektoral la.

Klike sou ikòn MP3 ki anwo e adwat atik sa a pou w koute repòtaj VOA kreyòl pou jounen 2 out 2010 la

XS
SM
MD
LG