Accessibility links

Breaking News

Prezidan Trump Te Mele nan Envazyon Fiskal, daprè New York Times


Nan yon atik jounal ameriken New York Times pibliye madi 2 oktòb 2018 la, li fè konnen Prezidan Donald Trump te itilize mwayen doutou pou l pa t peye taks epi li te fè fwod kare-bare pou l ogmante fotin li posede a -yon fotin li te eritye nan men papa l ak manman li.

Nouvèl la di Misye Trump renmen prezante tèt li kòm “a self-made man”, sètadi yon nonm ki fòme tèt li pou kont li, san pyès moun pa ede l; li renmen di li te kòmanse nan biznis avèk yon sòm-lajan relativman modès -swa yon milyon dola- lajan li te prete nan men papa l, epi li rive bati yon gwo richès nan fè envestisman ak lòt tranzaksyon.

Daprè New York Times toujou, Donald Trump te mete ansanm ak frè ak sè l yo pou yo te fonde yon fo konpayi yon fason pou yo te kache gwo kado lajan yo te resevwa nan men papa yo. Jounal la fini pa di dosye yo montre manm lafanmi Trump te peye sèlman yon fraksyon nan lajan yo te dwe peye gouvènman federal la daprè lwa sou taks yo.

La Mezon Blanch
La Mezon Blanch

Byen ta nan fen jounen madi 2 oktòb la, La Mezon Blanch te pibliye yon deklarasyon konsènan atik New York Times nan. Sekretè de près Mezon Blanch la, Sarah Huckabee Sanders, di:

"Fred Trump mouri depi preske 20 tan deja e se tris pou moun konstate atak medizan-malpalan sa a ke yon New York Times kap fè fayit lanse kont lafanmi Trump. Sa gen plizyè dizèn dane, IRS (Biwo Kontribisyon Lèzetazini an) te revize tout tranzaksyon yo e li te siyen anba yo... Kredi New York Times ak lòt medya bese rive nan nivo ki pi ba posib nan je pèp ameriken an, akoz atak yo pa sispann lanse sou Prezdan an ak fanmi li 24 sou 24 e 7 jou sou 7."

Jounal la baze atik li a sou entèvyou li fè ak ansyen aplwaye Fred Trump e sou plis pase 100 mil paj dokiman -pami dokiman sa yo gen dosye taks pèsonèl papa Prezidan an.

XS
SM
MD
LG