Accessibility links

Breaking News

Ayiti-Politik: Palmantè yo Vle Premye Minis Fritz Jean gen plis Libète pou l Negosye ak yo


Premye Minis Nome a, Fritz A Jean
Premye Minis Nome a, Fritz A Jean

Yon gwoup depite lanse apèl bay prezidan pwovizwa a, Jocelerme Privert, pou mande l bay Premye Minis nome a, Fritz Jean, plis libète pou l negosye ak palmantè yo avan li prezante politik jeneral nouvo gouvènman an devan 2 chanm yo. Depite Antoine Rodon Bien-Aimé -ki pale nan non kòlèg li yo apre yo te rankontre ak Misye Jean- fè konnen konfimasyon chèf gouvènman nome a pa sanble reprezante yoon priyorite pou Prezidan Privert.

Nouvèl Ayiti pou vandredi 4 mas 2016 la
please wait

No media source currently available

0:00 0:05:54 0:00
Direct link

Yon lòt kote, yon ansyen kandida pou yon pòs nan sena ameriken an, ki gen orijin ayisyèn, Fritz Ceyide, lanse apèl bay prezidan pwovizwa a ann Ayiti pou mande l respekte akò 5 fevriye 2016 la ki prevwa pou yon prezidan eli prete sèman nan dat 14 me 2016 la.

Anfen, yon group kandida fanm sot reyini nan vil Okay pou yo brase lide sou difikilte yo abitye rankontre nan eleksyon yo. Korespodan nou Jean Hernst Eliscar di nou medam yo bat bravo pou chèf deta poutèt li apiye lide fòmasyon yon nouvo Konsèy Elektoral Pwovizwa.

XS
SM
MD
LG