Accessibility links

Breaking News

Fransè Yo Kontinye Fè Grèv Kont Chanjman Nan Laj Pansyon an


Nan peyi Lafrans, sendika yo lanse nouvo grèv jedi 28 oktòb 2010 la kont plan refòm pansyon prezidan Nicolas Sarkozy, yon jou apre palman an apwouve mezi a.

Manifestasyon an, ki afekte vòl ayeryen ak sèvis tren pasaje nan kapital la, reprezante yon dènye efò pou konvenk mesye Sarkozy pou l pa siyen pwojè lwa a kap fè laj pou moun pran retrèt yo pase a 62 zan olye de 60 tan ak laj pou gen pansyon konplè a 67 tan olye de 65 kan.

Prezidan Nicolas Sarkozy ta dwe siyen pwojè lwa a nan mitan mwa novanm nan.

XS
SM
MD
LG