Accessibility links

Breaking News

Yon Grèv Jeneral Paralize Sistèm Transpò Piblik la nan Pari, an Frans, pandan Sezon Fèt Fen Dane a


Vwayajè ki t ap tann tren nan Estasyon (Gare) Saint-Lazare pandan grèv tout sendika travayè fransè yo (SNCF) ak Rezo Transpò Pari a (RATP) lanse e ki paralize sistèm transpò a nan kapital Lafrans la pandan sezon fèt fen dane a…
Vwayajè ki t ap tann tren nan Estasyon (Gare) Saint-Lazare pandan grèv tout sendika travayè fransè yo (SNCF) ak Rezo Transpò Pari a (RATP) lanse e ki paralize sistèm transpò a nan kapital Lafrans la pandan sezon fèt fen dane a…

An Frans, manifestan tonbe nan lese-fape avèk lapolis byen bonè lendi 23 desanm 2019 la nan vil Pari, pi presizeman nan zòn kapital la ki rele "La Gare de Lyon", nan moman yon grèv nasyonal antre nan 19èm jounen li youn apre lòt.

Sitwayen fransè yo leve-kanpe kont plan Prezidan Emmanuel Macron genyen pou l fè refòm nan sistèm pansyon anplwaye yo nan sektè piblik la epi monte laj retrèt la a 64 tran. Estasyon televizyon fransèz BFM pibliye imaj ki montre yon gwoup polisye ki te an fas yon afè de 30 manifestan nan youn nan estasyon tren ki pi frekante nan Pari yo, La Gare de Lyon, ke moun itilize plis pou yo ale nan yon zòn kote yo fè ski nan montay "Les Alpes".

Grèv la genyen move konsekans tou sou kèk lòt estasyon tren enpòtan nan kapital la, tankou La Gare du Nord, ki bay sèvis ant Pari ak Lond e Briksèl, epi La Gare de l'Est. Grèv nasyonal la deja paralize tout rezo transpò a an Frans pou sezon Nwèl la tandiske li posib pou travayè sektè petwolye a vote pou yo fèmen rafinri yo nan kad pwotestasyon y ap fè kont plan gouvènman an.

XS
SM
MD
LG