Accessibility links

Breaking News

An Frans, Prezidan Macron Anonse Gwo Chanjman sou Plan Sekirite


Prezidan Emmanuel Macron nan yon sesyon ki te reyini manm 2 chanm palman an, lendi 3 jiyè a, nan Palè Versailles la.
Prezidan Emmanuel Macron nan yon sesyon ki te reyini manm 2 chanm palman an, lendi 3 jiyè a, nan Palè Versailles la.

Misye Macron fè anons la nan yon rankont ki te reyini manm 2 chanm palman nan Palè Versailles la

An Frans, nan yon sesyon ki te reyini manm 2 chanm palman an, lendi 3 jiyè a, nan Palè Versailles la, Prezidan Emmanuel Macron pwomèt li pral respekte pwomès li te fè pandan kanpay elektoral la, sètadi pote bon jan chanjman nan peyi a. Youn nan premye dispozisyon li pral pran, se leve eta dijans otorite yo te mete an plas depi ane 2015 la.

Sepandan, nouvo prezidan an anonse kèk mezi sekirite kap rete an plas an pèmanans pou konbat ekstremis islamik la ak tout lòt menas peyi a ap konfonte. Prezidan Macron deklare:

"Gouvènman an pral travay pou anpeche nenpòt ki lòt atak fèt nan peyi Lafrans; nou pral travay pou n mennen yon lit san pitye, san regrè e san feblès."

Lidè fransè a ajoute li nesesè tou pou leta garanti respè total libète endividyèl sitwayen yo -yon tèm moun jwenn pami preokipasyon popilasyon an ki pè pou gwo dispozisyon sekirite yo pa bay polisye yo twòp pouvwa.

Prezidan Macron pwofite rankont enpòtan sa a pou di li kwè nan avni Inyon Ewòp la, menm si li konprann pozisyon moun ki pa kwè ladan n yo. 3 pati te boykote sesyon palmantè a; yo kritike sa yo konsidere kòm " Monachi prezidansyèl Macron an."

XS
SM
MD
LG