Accessibility links

Breaking News

Foutbol : Samuel Eto'o Eli Prezidan Federasyon Foutbol Kamewoun


Samuel Eto'o a été élu avec 43 voix, devant le président sortant, qui a recueilli 31 voix, a annoncé la Fecafoot
Samuel Eto'o a été élu avec 43 voix, devant le président sortant, qui a recueilli 31 voix, a annoncé la Fecafoot

Samuel Eto'o ansyen sipèsta foutbòl Afriken an, eli prezidan Federasyon foutbòl Kamewoun nan Samdi.

Samuel Eto'o sou kont Twitter li te ekri "Mwen ap toujou sonje jou sa ak fyète. Mwen rekonesan deske mwen eli nan tèt federasyon foutbòl Kamewoun nan".

Ansyen jwè FC Barcelona ak Inter Milan ki gen 40 an te bat prezidan sortan an Seidou Mbombo Njoya, ki te eli an 2018, men ke Tribinal Abitraj la te anile eleksyon sila nan mitan mwa janvye a paske rezilta a te konteste pa plizyè jwè foutbòl nan Kamewoun.

Nan 74 vòt manm federasyon an, 43 te vote pou Eto'o, kont li 31 manm ki te vote pou prezidan sòtan an. Te gen sèt kandida kite nan kous la, men twa nan yo te retire tet yo kèk jou anvan eleksyon yo, e yo te al bay Samuel Eto'o sipò.

Samuel Eto'o, te soumèt kandidati li 17 novanm 2021, li te di ke ekip aktyèl la te ofri l 'pos vis-prezidan, li te refize. Li te deklare "Mwen pral pwochen prezidan federasyon an malgre tout koken ki genyen".

Nan ane 2018, Eto'o te sipòte kandidati Seidou Mbombo Njoya, men li te eksprime "desepsyon" li: pwomès prezidan aktyèl la te fè twa zan de sa pate respekte .

Émile Zola Ndé Tchoussi, ki se yon jounalis ak espesyalis nan foutbòl Kamewoun, te di AFP nan on entèvyou "Samuel Eto'o gen anpil defi devan li, ki gen ladan, restore imaj Fecafoot la" apre plizyè eskandal koripsyon ".

Prezidan sortan an, Seidou Mbombo Njoya, te felisite sou Twitter Samuel Eto'o, li "swete tout siksè".

Nouvo prezidan Fecafoot la deja gen yon gwo randevou sou ajanda li: nan mwens pase yon mwa, Kamewoun pral òganize faz final koup Afriken Nasyon an soti 9 janvye pou rive 7 fevriye 2022.

XS
SM
MD
LG