Viktwa Ajantin te ranpòte nan chanpyona Copa America a nan sezon ete ane sa a -swa premye trofe peyi a pran nan 16 ane- peze lou nan balans la pou pèmèt Lionel Messi jwenn yon avantaj sou Lewandowski.
Foutbòl : Lionel Messi (Paris SG) Ranpòte 7èm Balon Dò Li

Ajanten Lionel Messi, k ap jwe pou Paris Saint-Germain, ranpòte yon setyèm balon dò. Nan yon seremoni ki dewoule lendi 29 novanm nan nan Châtelet, nan Pari, Messi bat Robert Lewandowski (jwè Bayern Munich) ak italo-brezilyen Jorginho, k ap jwe pou Chelsea.