Accessibility links

Breaking News

Foutbòl: Balon ap Woule Sou Anpil Teren Mèkredi 11 Out 2010 la


Seleksyon refòme Brezil la kale Etazini 2 a 0 madi 10 Out la nan kad yon match chofe jarèt ki dewoule nan New York. Plis pase 77 mil fanatik te fè deplasman an pou yo asiste rankont la. Neymar k ap jwe nan Santos e ki gen 18 tan make premye gòl li nan Seleksyon Nasyonal Brezil la. Alexandre Patto, k ap jwe nan Milan AC, make 2èm gòl la pou brezilyen yo. Se petèt dènye fwa antrenè Bob Bradley ap antrene Seleksyon Nasyonal Lèzetazini an. Sa fè 8èm viktwa afile Brezil sou Etazini; men kantite total viktwa 11 nasyonal Brezil la sou seleksyon etwale a se 15 sou 16 rankont ki dewoule ant 2 ekip yo.

Federasyon Foutbòl Ostrali a nonmen alman Holger Osiek kòm nouvo antrenè seleksyon nasyonal peyi a. Mesye Osiek, ki te ede Kanada ranpòte koup dò KONKAKAF la, gen pou l prepare seleksyon ostralyèn nan pou Koup Azyatik la ak kanpay kalifikasyon pou Mondyal FIFA ke Brezil pral òganize an 2014.

Plizyè rankont entènasyonal ap dewoule mèkredi 11 Out la. La Frans ap rankontre la Nòvèj, La Oland ap jweak Ukrèn, Almay ap woule balon ak Dànmak nan Kopenhag, Irigwe deja nan Pòtigal kote l ap monte teren an ak Seleksyon Nasyonal Angola a nan Lisbòn, Afrik di Sid ak Gana ap tope kòn yo, Seleksyon Nasyonal Ajantin nan ap fè fas ak 11 nasyonal Irlandè a epi chanpyon dimon an tit la, Seleksyon Nasyonal Espay la pral rankontre ak Meksik nan vil Meksiko. Anfen ekip nasyonal La Risi ap resevwa Seleksyon Nasyonal Bilgari a.

XS
SM
MD
LG