Accessibility links

Breaking News

Foli Krypto Miami an An Vedèt nan Konferans Bitcoin nan


Majistra Miami Francis Suarez, mitan, ak John Bartleman, Prezidan ak PDG TradeStation Group mache ansanm, Mekredi 6 Avril, 2022.
Majistra Miami Francis Suarez, mitan, ak John Bartleman, Prezidan ak PDG TradeStation Group mache ansanm, Mekredi 6 Avril, 2022.

Dè milye fanatik kripto-lajan rasanble Miami semèn sa a nan moman vil la ap eseye konstwi yon repitasyon antanke prensipal lye kote yap devlope teknoloji blockchain nan, malgre li poko kouran toupatou nan mond lan.

Dè douzèn konpayi ap pwofite konferans Bitcoin 2022 a ki komanse jodi Mèkredi a e kap vini Samdi, kòm lye pou rankontre konfrè, prezante ide, pataje anons elatriye.

Echanj kryptolajan an FTX achte dwa pou stad kote yo jwe match basketbòl pwofesyonèl NBA yo pote non li. Stad sa a sitye anba lavil Miami e FTX ranplase American Airlines ki te achte dwa sa a anvan.

Pi gwo konpayi krypto ki deplase katye jeneral li pou enstale'l Miami se Blockchain.com. Li pral gen 200 anplwaye nan bilding li lwe nan katye cool e ipe Wynwood la, kote lòt konpayi teknoloji ak envestisè ap tabli kò yo tou.

XS
SM
MD
LG