Accessibility links

Breaking News

FMI Prevwa yon Kwazans Ekonomik Ralanti akoz Lagè Larisi nan Ikrèn nan


Ekonomi mondyal la pral grandi ak yon vitès ki pi piti ke nòmal akoz envazyon Larisi nan Ikrèn nan, dapre yon anons Fon Menetè Entènasyonal fè madi.

FMI prevwa yon to kwasans 3,6% pou ane sa a, konpare ak yon to 6,1% pou ane pase a. Premye previzyon òganizasyon an te fè pou ane sa a sete 4,4%.

Nan yon rapò FMI pibliye, li fè konnen: “Konsekans ekonomik lagè a ap gaye byen lwen e li touche divès domèn.” Lagè a vin agrave kèk tandans ekonomik negatif, tankou komès ki sispann ak ogmantasyon pri gaz ak manje.

FMI prevwa ekonomi Larisi a pral sibi yon bès 8,5% ane sa a, tandiske ekonomi ikrenyèn nan pral anrejistre yon bès 35%. Lèzetazini, Lachin ak Lewòp pral konnen yon ralantisman tou nan pwogrè ekonmik yo pandan ane 2022 a akoz lagè a.

XS
SM
MD
LG