Accessibility links

Breaking News

FMI Apwouve yon Prè 134 Milyon Dola pou Afganistan

Bank Kabul la nan Afganistan (foto achiv)
Bank Kabul la nan Afganistan (foto achiv)

Fon Monetè Entènasyonal (FMI) apwouve yon prè ki atenn prèske 134 milyon dola pou Afganistan, swa plis pase yon lane depi kriz bankè Kaboul la te lakoz FMI fè yon kanpe sou pwogram kredi li te mete a la dispozisyon nasyon azi di sid la.

Fon monetè entènasyonal anonse yon antant pou l prete Afganistan lajan sou yon peryòd 3 zan, kote li di li pral apiye pwogram refòm ekonomik peyi sa a.

FMI fè konnen pwogram sa a pral ede Afganistan fè fas ak kèk defi, nan moman twoup etranjè ki te deplwaye sou teritwa li a ap pare pou retounen lakay yo.

Anplis desa, asistans finansyè Afganistan konn jwenn a letranje sibi yon bès, nan moman gouvènman an ap antre nan faz pou l depanse plis lajan nan kesyon sekirite.

XS
SM
MD
LG