Accessibility links

Breaking News

Antèman George Floyd, Viktim Britalite Lapolis, Ap Chante Madi 9 Jen nan Houston

Fanmi, zanmi, mannm gran piblik la ki te rete an liyn pou yo te pase devan sèkèy George Floyd lendi 8 jen an nan Houston.
Fanmi, zanmi, mannm gran piblik la ki te rete an liyn pou yo te pase devan sèkèy George Floyd lendi 8 jen an nan Houston.

Manm fanmi avèk zanmi George Floyd, sitwayen nwa-ameriken ki te mouri lendi 25 me pase a alòske li te anba men polisye Derek Chauvi --ki te peze jenou l sou kou defen an pandan prèske 9 minit jiskaske li te rann denye soupi li-- fanmi ak zanmi pare pou yo rann Misye Floyd yon dènye omaj nan yon antèman prive k ap chante madi 9 jen an nan vil Houston, Eta Tegzas.

Seremoni sa a ap dewoule 2 semèn apre lanmò George Floyd la ki te pwovoke anpil mouvan pwotestasyon pou denonse britalite lapolis nan anpil vil atravè Lèzetazini. Apre anteman an, lapolis vil Houston pral akonpaye pwosesyon an ki gen pou deplase ale nan yon ti vil ki tou pre a, Pearland, kote yo pral antere George Foyd bò kote tonbo manman l.

Chèf Polis vil Houston nan, Art Acevedo, avèk Charlene Davis, ki t ap bay akolad apre Madam Davis te fin priye pou kòmandan an nan okazyon ekspozisyon kò George Floyd nan Legliz Fontèn d Adorasyon nan Houston, lendi 8 jen 2020. (Foto: AP/Eric Gay).

Biwo mèri a nan Houston te klere nan nuit lendi 8 jen an avèk limye ki te gen koulè kramwazi (wouj) ak dore, swa koulè lise defen an te frekante a, kòm yon selebrasyon lavi li. Kèk lòt vil te pote-kole nan mouvman sa a kote koulè kramwazi ak dore t ap briye tout nannuit la nan lokal lakomin vil tankou Los Angeles, Boston, Oakland, Las Vegas, New York ak plizy lòt ankò.

Piblik la, an jeneral, te gen okazyon pou li prezante respè li bay defen an nan jounen lendi a kote plizyè milye moun te rasanble nan Legliz Fontèn d Adorasyon, nan Houston, pou yo te priye e rekeyi yo devan sèkèy George Floyd la ki te rete tou ouvè. Seremoni memoryal te dewoule tou semèn pase a nan vil Minneapolis, Eta Minnesota, kote defen an te pèdi lai l la, epi nan vil Raeford, nan Eta Kowolin di Nò, tou pre lokalite kote George Floyd te pran nesans la.

XS
SM
MD
LG