Accessibility links

Breaking News

Florid Depase 15 Mil Ka Enfeksyon KOVID-19 Dimanch 12 Jiyè a - Yon Rekò pou Eta Ameriken yo


Yon pwofesyonèl lasante ki t ap fè yon tès KOVID-19 nan Sant Kominotè Medikal vil Homestead, Florid, lendi 6 jiyè 2020 an.

Ozetazini, Eta Florid tabli yon rekò nan jounen dimanch 12 jiye 2020 an pou kantite ka enfeksyon konfime li anrejistre jou sa a sèlman pou viris ki bay maladi KOVID-19 la, swa plis pat 15 mil ka. Chif sa a depase lontan kantite rekò nenpot ki lot eta ameriken te tabli jiskela; anvan sa responsab lasante yo te anrejistre pi gwo rekò a nan Eta Kalifoni mèkredi 8 jiyè a avèk yon chif 11 mil 698. Jounen jodi a kantite total ka enfeksyon yo konte nan Florid preske rive nan chif 270 mil; sou kantite sa a gen 4 mil 346 moun ki mouri.

Nan semèn ki pase yo, Florid te pran desizyon pou l relache restriksyon ki pwoteje moun kont KOVID-19 la; desizyon ki pemèt, pa egzanp, sant amizman touristik Disney World relouvri pòt li samdi 11 jiyè a pou vizitè ki mete kachne, malgre rekòmandasyon espesyalis lasante yo fè pou moun evite gwo rasanbleman. Aktyèlman gen plis pase 12 milyon 700 mil ka enfeksyon konfime nan lemond, daprè enfòmasyon ki sòti nan Inivèsite Johns Hopkins. Sou kantite sa a gen plis pase 500 mil moun ki mouri. Lèzetazini genyen an gwo 1/4 sou yon total 3 milyon 200 mil ka enfeksyon yo anrejistre nan lemond avèk plis pase 134 mil moun ki mouri.

Semèn pase a, jounal The Arizona Republic te pibliye yon orezon finèb yon dam te ekri pou papa l ki te mouri ak kowonaviris. Nan diskou sa a Kristin Urquiza (se non dam nan) te akize òm politik ameriken yo dèske se yo menm avèk mank leadership yo ki te koze lanmò papa l. Defen an sete yon ameriken-meksiken 65 kan ki te rele Mark Urquiza. Pititfi a ekri pou l di:

“Sa k koze lanmò papa m, se neglijans òm politik yo ki kontinye mete an danje sante moun ki pa blan yo avèk yon mank leadership klè; se le fèt ke yo refize rekonèt gravite kriz sa a, mete sou le fèt ke yo pa gen kapasite ni volonte pou yo bay pèp la direksyon klè e konvenkan sou mwayen pou yo minimize risk yo.”

Pandansetan nan jounen samdi a Eta Kawolin di Sid te anrejistre plis pase 2 mil 200 nouvo ka enfleksyon KOVID-19, tandiske nan jounen vandredi a Eta Lwizyàn te anrejistre plis pase 2 mil 600 nouvo ka enfeksyon maladi a.

XS
SM
MD
LG