Accessibility links

Breaking News

Ayiti-Jeremi: 50 Lekòl Patisipe nan Festivite 215è Anivèsè Drapo a


 Selebrasyon fèt drapo a nan Jeremi. Foto: Luckner Laguerre, korespondan Lavwadlamerik nan Jeremi. 18 me 2018.
Selebrasyon fèt drapo a nan Jeremi. Foto: Luckner Laguerre, korespondan Lavwadlamerik nan Jeremi. 18 me 2018.

Vendredi 18 mai a plisye manifestasyon make fèt drapo a nan vil Jeremi, plis pase 50 lekòl nasyonal ak prive patisipe nan festivite yo pou komemore 215èm anivese kreyasyon drapo a.

Apre seremoni relijyez yo, elèv lekòl yo inivesite, majorèt, fanfa, fon bèl defile a travè kèk ri nan vil la, enswit yon gran parad sou teren foutbòl la ki se yon preparasyon, yon realisasyon de Direksyon Depatmantal Ministe Jenès Spò ak aksyon sivik ki gen nan tèt li Germain Dorsainvil.

Yon lot kote, gen 3 asosyasyon jenes ki se Jenès Pwogresis Grandans, Lig Jenès Ayisyen ak Nouvèl Tè Dayiti te oganise yon manifestasyon pasifik nan vil la yon fason pou mande entegrasyon jenès la nan system leta avek lenpriz desizyon Gouvenman.

Doktè Loreus Soimil pòt pawol asosyasyon yo sa yo te pran la pawol li mande pou Gouvènman kreye travay pou jen yo, pou yo pa oblije ap kite peyi a.

Fèt drapo a ki fete pandan 2 jou 17 ak 18 me fete grandyozman; tout bagay pase trè byen sou pwoteksyon lapolis nan Jeremi.

Korespondan Lavwadlamerik nan Jeremi, Luckner Laguerre contribye nan redaksyon tèks sa a.

XS
SM
MD
LG