Accessibility links

Breaking News

50 Moun Mouri, 53 Lòt Blese Nan Yon Fiziyad Nan Vil Orlando, Eta Floride


Ajan polis kap ede moun kite zòn fiziyad la nan Pulse Orlando Nightclub, Orlando, Floride. 12 Jen 2016.
Ajan polis kap ede moun kite zòn fiziyad la nan Pulse Orlando Nightclub, Orlando, Floride. 12 Jen 2016.

Yon eleman ame ak yon revòlvè e yon fizi otomatik touye omwen 50 moun e blese 53 lòt nan yon klib omoseksyèl (Pulse Orlando Nightclub) yè swa vè 2 zè di maten nan youn nan fiziyad pi efrayik nan istwa Lèzetazini.

Otorite federal e lokal yo louvri yon ankèt pou detèmine si atak la se yon zak teworis. Majistra kominal Orlando a, Buddy Dyer, dekrete Eta dijans nan vil Orlando. Yon otorite Ajans Sureté Fédérale Etazini an, FBI, di ya p trete atak la kòm yon zak teworis. Otorite ameriken yo nan Orlando fè konnen se posib pou asayan an genyen pou wè ak ideyologi islamis ekstremis.

Asayan an, ke otorite yo idantifye kòm Omar mateen, 29 an, yon sitwayen ameriken ki gen pou orijin afghan (Afghanistan), pèdi lavi li nan yon boukantay kout zam ak polisye ki te debake sou sèn atak la. Chèf Depatman Polis Orlando a, John Mina, di ensidan an rive vè 2 zè dimanch maten lè sispèk la te tire sou yon ajan polis epi li antre anndan klib la kote li te kenbe plis pase 200 moun.

Detay sou sa k pase reyèlman anndan klib la pa finn klè, men dapre lapolis, se te yon "priz otaj". Vè 5 kè di maten, Inite espesyal SWAT TEAM Depatman polis la te deside entèvni pou libere moun yo e mete fen nan sitiasyon an. Lè yo finalman rive antre anndan klib la yo dekouvri 50 kadav--pami yo kadav sispèk la, Mateen, plis 53 blese.

Lamezon Blanch pibliye yon kominike kote li fè konnen konseye pou kesyon sekirite enteryè ak kont-teworism prezidan Barack Obama enfòme l sou sitiasyon an e li mande yo kenbe l okouran sou tout dènye devlopman sitiasyon an. Kominike a di Prezidan Obama mande gouvènman federal la founi anketè yo tout asistans nesesè yo bezwen. Kominike a di pou fini " panse ak priyè nou al jwenn paran ak byeneme viktim ki peri nan atak la".

XS
SM
MD
LG