Accessibility links

Breaking News

Fim Ayisyen an 'Freda' Seleksyone pou Pri Oscars yo


Direktè ayisyen Gessica Geneus poze pandan yon priz foto pou fim "Freda" nan 74èm edisyon Festival Film Cannes, nan sid Lafrans, 15 jiyè 2021. (Foto Valery HACHE / AFP)
Direktè ayisyen Gessica Geneus poze pandan yon priz foto pou fim "Freda" nan 74èm edisyon Festival Film Cannes, nan sid Lafrans, 15 jiyè 2021. (Foto Valery HACHE / AFP)

Fim Gessica Géneus la "Freda" kontinye ap byen mache nan mond sinema a. Apre li te patisipe nan Festival Film Cannes nan Paris ak FESPACO nan Burkina Faso, kounyea yo chwazi'l pou patisipe nan seremoni remiz pri Oscars 2022 yo.

Fim "Freda" a kontinye ap fe pale de li atravè mond, 13 Oktob 2021 sinefil yo te byen akiye film nan a Paris. Se te menm akèy la nan Ouagadougou nan 27e Edisyon Festival Sinema Fespaco a.

Nan festival afriken an Gessica Géneus te ranporte plizyè pri tankou: Etalon ajan pou pi bel fim, pri pou pi bon son.

Ozetazuni, yon pri Oscar se pi gwo onè yon film ka resevwa nan endustri sinema a.

XS
SM
MD
LG