Accessibility links

Breaking News

Ozetazini: Meri Filadèlfi a Ap Ise Drapo Ayisyen an nan Okasyon 214èm Anivèsè Bikolò Nasyonal la

Yon pilòt nan yon vòl American Airlines kap flote drapo ayisyen an deyò fenèt avyon an ki te soti Miami e ki tap ateri nan Aewopò Entènasyonal Toussaint Louverture nan Pòtoprens, Ayiti, 19 fevriye, 2010.

Nan okazyon 214èm anivèsè bikolò ayisyen an, jedi 18 me kap vini an, Meri Filadelfi a nan eta Pensilvani ap "ise" drapo peyi Dayiti a. Nan yon entèvyou ak Jacquelin Belizaire, Jounalis Johnny Saint-Sauveur pataje enfòmasyon sou aktivite sa a ki pral dewoule nan palè minisipal Filadèlfi a nan lonè kominote ayisyèn nan.

Johnny Saint-Sauveur te reponn tou kesyon sou lòt planifikasyon kominote a ap fè nan kad komemorasyon fèt "drapo Ayiti'"a ki reprezante senbòl peyi dorijin yo.

Klike sou odyo a ki anba tèks la pou w tande entèvyou Johnny Saint- Sauveur bay Lavwadlamerik nan mikwo Jacquelin Belizaire.

Entèvyou Lavwadlamerik ak Johnny Saint-Sauveur sou Anivèsè Drapo Ayisyen an nan Filadèlfi
please wait

No media source currently available

0:00 0:03:30 0:00

XS
SM
MD
LG