Accessibility links

Breaking News

FIFA Prezante Ekskiz Pou Erè Abit Yo


Prezidan FIFA a Sepp Blatter prezante ekskiz li pou erè abit yo komèt pandan koup dimond la. Msye Blatter, ki tap pale ak jounalis yo nan vil Joanèsbourg, fè konnen òganizasyon an pral etidye posibilite pou l sèvi ak nouvo teknoloji ki kapab montre vrèman si boul la travèse liy gòl la. Dirijan FIFA a ekate posibilite pou responsab yo ta sèvi ak vedeyo pou ede abit yo detèmine pozisyon yon jwè pandan yon rankont, pa ekzanp. Nouvo teknoloji pral fè pati kalandriye diskisyon nan okazyon rankont komite FIFA a pral fè mwa pwochen an nan Cardiff, Peyi dè Gal. An 2007 FIFA te eseye san siksè nouvo teknoloji a pandan dewoulman koup di mond mwen de 17 tan yo opewou.

Yon lòt kote mesye Blatter anonse FIFA pap tolere entèvansyon gouvènman fransè a nan zafè federasyon foutbòl fransè a apre move pèfòmans seleksyon an nan koup dimond la. Mesye Blatter menase pou l sispann federasyon sa a si l mande demisyon prezidan enstitisyon an, Jean Pierre Escalette. Si bagay yo ta rive jiske la, sa ta kapab afekte patisipasyon la Frans nan eliminatwa koup Dewòp 2012 la.

Federasyon Foutbòl Sid Koreyen an anonse l ap gen pou pran yon desizyon sou avni antrenè seleksyon nasyonal la, Huu Jung-Moo, ki te ede Koreyen yo kalifye pou 8èm de final koup dimond Afrik di Sid la. Antrenè Jung-Moo te deja fè konnen entansyon n pou l demisyone aprè mondyal la. Responsab federasyon an di yap nonmen yon nouvo antrenè mwa pwochen.

Antrenè seleksyon nasyonal Lèzetazini an, Bob Bradley, fè konnen mwa kap vini la a li pral diskite sou avni l ak federasyon foutbòl USA. Prezidan federasyon an, Sunil Gulati, konfime nouvèl la. Msye Sunil di li pral pale sou bon ak move aspè patisipasyon seleksyon etwale a nan koup dimond Afrik di Sid la, dapre jounal ameriken The Washington Post. Kontra antrenè Bob Bradley ap rive nan bout li an desanm 2010.

Bò kote pa l antrenè seleksyon angle a, Italyen Fabio Capello, anonse entansyon l pou l kontinye antrene seleksyon an malgre Angletè elimine nan 8èm de final yo. Mesye Capello gen yon kontra k ap fini an 2012, kidonk ane kote koup ewopeyen an pral dewoule. Federasyon foutbòl angle a ap pran yon desizyon sou sa anvan 2 semèn.

Antrenè seleksyon nasyonal Sèbi a, Radomir Antic ki gen 61 an, di li ta renmen kontinye antrene ekip la malgre li te elimine nan premye tou mondyal la akoz gòl diferans. Mesye Antic kwè seleksyon sèb la te jwe ase byen pou pèmèt li kontinye nan pòs li pandan faz kalifikasyon Koup Ewòp 2012 la. Sèb yo te kale Almay, men yo te pèdi devan Gana ak Ostrali nan gwoup D a.

Responsab komite òganizatè koup di mond foutbòl feminen Almay 2011 la, Steffi Jones, pwomèt fanatik yo yon bèl konpetisyon. Responsab la deklare nan yon nòt-pou-laprès 250 mil tikè ki deja vann montre entansyon fanatik yo pou yo asiste mondyal sa a. Konpetisyon an ap dewoule ane pwochèn ant 26 jen e 17 jiyè nan 9 vil alman.

Paragwe kale Japon 5 a 3 sou chout penalite pou l kalifye pou kar de final yo, e paragueyen yo va rankontre nan pwochen match yo le 3 jiyè ant venkè match Espay-Pòtigal la. Menm jou sa a Ajantin ap fè fas ak Almay. Men Vandredi 2 jiyè, Brezil ap rankontre ak La Oland e Ghana ap jwe kont Urugue an kar de final la.

XS
SM
MD
LG