Accessibility links

Breaking News

FIFA Pral Fikse Nouvo Kondisyon Pou Yon Peyi Oganize Mondyal la


—FIFA (Federasyon Entènasyonal Foutbòl Asosyasyon) mete plis restriksyon sou peyi ki poze kandidati yo pou yo òganize koup dimond 2018 la oubyen mondyal 2022 a. Federasyon an di 9 peyi kandida yo dwe eksplike pa ekri rezon ki fè yo panse yo kapab òganize pi gwo konpetisyon spòtif nan lemond la, anvan pou FIFA kite yo pran kontak ak 24 manm komite ekzekitif li a oubyen ak asosyasyon foutbòl ki afilye ak federasyon entènasyonal la. FIFA entèdi kandida yo pwomèt federasyon yo avantaj yon fason pou yo pa enfliyanse fason y ap vote lè yo va ap chwazi peyi òganizatè a.

—Federasyon Foutbòl Afrik di Sid la an nonmen Pitso Mosimane kòm nouvo antrenè seleksyon nasyonal la. Mosimane ranplase brezilyen Carlos Alberto Parreira ki te anonse li t ap bay demisyon n apre koup dimond la. Objektif nouvo antrenè a se kalifye Bafana Bafana (kidonk seleksyon nasyonal Afrik di Sid la) pou Koup Dafrik 2012 la. Bafana Bafana ap pare pou l rankontre 11 nasyonal Gana nan yon match amikal nan dat 11 out pwochen.

—Foutbolè fransè Thierry Henry, ki fèk siyen yon nouvo kontra ak klub New York Red Bulls, anonse retrèt li nan seleksyon nasyonal Lafrans la. Henry te jwe 123 match pou "Les Bleus" e li te make 51 gòl san bliye li te ede fransè yo ranpòte koup dimond la an 1998.

—Koup dimond foutbòl feminen pou mwen de 20 an (U-20) ap dewoule an Almay. Vandredi 16 jiyè a, Kosta Rika ap rankontre Lafrans, Almay ap jwe ak Kolonbi, Brezil ap woule balon devan Laswèd epi Kore di Nò ap monte teren an avèk Nouvèlzeland.

—Siklis britanik Mark Cavendish ranpòte 11èm etap Tour de France la tandiske Luksanbourjwa Andy Schleck toujou konsève mayò jòn nan, donk pozisyon lidè nan klasman jeneral la jiska prezan. Cavendish kouvri etap jedi 15 jiyè 2010 la (swa yon distans 184 kilomèt edmi) nan 4 trè, 42 minit e 29 sekond. Chanpyon sòtan an, espayòl Alberto Contador, okipe 2èm plas la nan klasman jeneral la ak 41 sekond dèyè Andy Schleck.

—Kourèz Sid Afrikèn Caster Semenya ranpòte kous 800 mèt Je Lappeenranta yo nan peyi Findland kèk jou apre Federasyon Atletism Entènasyonal la te otorize l retounen nan sikwi entènasyonal la. Mis Semenya te nan sant aktyalite a ane pase a apre li te ranpòte meday dò kous 800 mèt feminen an nan Chanpyona Aletik Mondyal la an Almay. Kourèz la te oblije pase yon seri de tès pou montre li se yon fi e non pa yon gason. Caster Semenya kandida pou l ranpòte yon meday dò nan Je Commonwealth yo ki gen pou dewoule nan peyi End an oktòb pwochen.

XS
SM
MD
LG