FIFA elaji ankèt l ap mennen sou akizasyon ki ta vle fè konprann 2 manm komite ekzekitif òganizasyon an t ap chache vann vwa yo an retou pou resevwa lajan pou ede reyalize yon seri de pwojè spòtif.
Ankèt la touche ansyen sekretè jeneral FIFA a, Michel Zen Ruffinen( 1998 -2002), jounal Britanik Sunday Times ta filme nan moman li t ap fè kòmantè bay yon gwoup jounalis ki ta fè tèt yo pase kòm lobiyist.
Nan konvèsasyon an Zen Ruffinen ta di Katar ak kandidati konjwen Espay/ Pòtigal fè yon antant pou boukante vwa yon fason pou yo kapab akeyi koup dimond 2022 ak 2018.
Zen Ruffinen sugjere tou kèk manm komite ekzekitif la kapab koronpi ak lajan ou byen fi. FIFA mande plis prèv toujou nan men jounal anglè a.