Accessibility links

Breaking News

Ansyen Lidè Kominis Kiben Fidel Castro Mouri. Li Te Gen 90 Zan

Youn nan dènye foto Fidel Castro ki parèt an piblik. Castro tap asiste dènye jounen 7èm Kongrè Pati Kominis la nan La Avàn - Foto Achiv/19 avril 2016).
Youn nan dènye foto Fidel Castro ki parèt an piblik. Castro tap asiste dènye jounen 7èm Kongrè Pati Kominis la nan La Avàn - Foto Achiv/19 avril 2016).

Ansyen Lidè Kominis Kiben Fidel Castro Mouri, daprè nouvèl Televizyon Leta a bay nan La Avàn. Li Te Gen 90 Zan. Otorite yo poko presize kòz lanmò a.

Fidel Castro te fè Kiba tounen premye peyi kominis sou kontinan ameriken an. Li te dirije Kiba kòm Premye Minis ant 1959 e 1976; epi kòm Prezidan ant 1976 e 2008. Kèk obsèvatè konsidere li kòm “chanpyon sistèm kominis la e kòm yon ennmi fawouch lenperyalism.”

3 foto ki montre pòtrè fizik Fidel Castro a travè lèzan. De goch a dwat: 1. Castro kap fimen yon sigarèt nan La Avàn, Kiba, nan dat 29 avril 1961; 2. Castro kap pale ak laprès pandan Kiba te lanse yon kanpay pou Elian Gonzales te kite Washington, D.C., pou l retounen Kiba (6 avril 2000); 3. Lakay li, nan La Avàn, le 13 fevriye 2016.

Fidel Castro te sèvi tou kòm Premye Sekretè Pati Kominis la nan Kiba depi 1961 rive jous nan lane 2011.

Sou gouvènman Fidel Casto a, Kiba te tounen yon peyi ak yon sèl pati politik. Rejim nan te nasyonalize sektè komès ak endistri a, epi li te aplike refòm sosyalis nan tout sosyete kibèn nan.

XS
SM
MD
LG