Accessibility links

Breaking News

4 Jiyè 2017: 241èm Anivisè Pwoklamasyon Endepandans Lèzetazini


Parad 4 Jiyè nan Washington pou Make Endepandans Nasyonal Etazini; Yon repòtaj Jean Robert Philippe
please wait

No media source currently available

0:00 0:03:30 0:00

Parad 4 Jiyè nan Washington pou Make Endepandans Nasyonal Etazini; Yon repòtaj Jean Robert Philippe

Nan okazyon selebrasyon yo, otorite ameriken yo ranfòse sèvis sekirite a a travè tout peyi a, sitou nan gwo vil yo.

Ozetazini, ameriken yo ap selebre, pandan jounen madi 4 jiyè 2017 la, 241èm anivèsè pwoklamasyon endepandans yo nan men La Grann Bretay. Pandan plizyè milyon sitwayen ameriken ap selebre anivèsè sa a atravè peyi a avèk fe-datifis, parad, barbecue an plennè ak lòt kalte aktivite rejwisans tradisyonèl, responsab lapolis yo pran dispozisyon tou nèf pou bay popilasyon an sekirite.

Nan vil Boston, nan Eta Massachusetts ki nan pati nòdès Lèzetazini e kote Revolisyon Amerikèn nan te kòmanse, otorite yo ap itilize pou la premyè fwa yon aparèy telegide san pilòt (yo rele sa yon dwòn) kap sikile nan syèl la pou yo kontwole pi byen yon afè de 500 mil moun ki, dapre previzyon yo, ap reyini pou yo gade fe-datifis yo pandan sware a.

Nan New York, lapolis mete sou plas yon bann ak yon pakèt kamyon, plen ak sab, sou tout gwo plas piblik kote yo konnen moun pral rasanble pou yo gade fe-datifis ak lòt aktivite popilè ki toujou dewoule nan okazyon an. Dapre sa otorite yo di, yo mete kamyon sab sa yo la pou evite yn repetisyon masak ki te dewoule nan okazyon Fèt La Bastille la nan dat 14 jiyè ane pase a --masak ki te koze lanmò 86 moun. Sete yon zak teworis kote yon atakan, ki te sou volan yon kamyon, te antre sou yon foul ki tap swiv yon espektak fe-datifs nan vil Nice, nan pati sid Lafrans.

Nan Washington, otorite yo pran dispozisyon tou pou yo evite yon atak ak kamyon pandan sa yo rele Parad Endepandans Nasyona la, yon lòt fèt ki rele Festival Lavi Enstitisyon Smithsonian nan, ak yon espektak fe-datifis ki toujou fèt sou yon gwo plas piblik yo rele "Mall Nasyonal". Lapolis ki an chaj pak piblik yo enstale gwo kloti alantou plas sa a tandiske yap tcheke tout moun kap antre sou Mall la.

Pou plis detay sou jan jounen an ap pase nan Washington, kolaboratè nou Jean-Robert Philippe te al fè yon vire-won sou Mall Nasyonal la, tou pre lokal Lavwadlamerik la.

Klike sou videyo a ki anlè tèks la pou suiv repòtaj Jean-Robert a.

XS
SM
MD
LG