Accessibility links

Breaking News

Fen Yon Vizit 3 Jou Prezidan Eli Martelly nan Washington, D.C.


Prezidan Eli Ayiti a, Michel Joseph Martelly, mete fen, Jedi 21 avril 2011 la, nan yon vizit 3 jou nan Washington D.C., avèk yon konferans pou laprès li bay nan National Press Club kote li abòde divès kesyon: asistans Lèzetazini pou Ayiti, plan li genyen pou ankouraje envestisman nan peyi Dayiti yon fason pou l kreye travay e relanse ekonomi an, konstriksyon kay pou viktim tranblemanntè 12 janvye 2010 yo, epi, antwòt, kreyasyon yon novo fòs sekirite akote polis nasyonal la. Pandan sejou Misye Martelly nan Washington li te rankontre avèk, antwòt pèsonalite, Robert Zoellick, prezidan Labank Mondyal, epi Dominique Strauss-Khan, direktè Fon Monetè Entènasyonal. Youn nan pi gwo pwen pasaj Prezidan Eli Ayiti a nan kapital federal Etazini an, se rankont li avèk Sekretè Deta Hllary Clinton ki te resevwa li nan Depatman Deta kote yo ta bay yon konferans pou laprès ansanm nan dat mèkredi 20 avril la. Misye Martely kite Washington jedi apremidi.

XS
SM
MD
LG