Minis Komès ak Endistri peyi d Ayiti a, Wilson Laleau, mete fen madi 13 mas 2012 la nan yon fowòm sou envestisman ki dewoule nan Otèl Caribe nan Pétion Ville. Objektif fowòm sa a, ki te dire 2 jou, sete evalye kapasite peyi a pou l resevwa nouvo envestisman epi prezante nouvo poltik peyi a nan domèn nan. Pami patisipan yo te genyen reprezantan Bank Mondyal ak Bank Entè-Ameriken Devlopman nan peyi . Yo tou le 2 swete Ayiti va genyen estabilite ki nesesè pou atire nouvo biznis e pou kreye travay. Chanm Komès ayisyen an pwomèt pou l ede gouvènman an nan efò l ap fè pou l aplike nouvo politik li nan domèn envestisman an.