Accessibility links

Breaking News

Fen Vizit Prezidan Chinwa a Ozetazini


Prezidan chinwa Hu Jintao
Prezidan chinwa Hu Jintao

Prezidan chinwa a, Hu Jintao, ap mete fen nan yon toune li t ap fè isit Ozetazini avèk yon vizit li pral fè vandredi 21 janvye 2011 la nan yon lise nan vil Chikago, ki nan sant peyi a.

Misye Hu pral rankontre yon gwoup elèv kap etidye lang chinwaz la e k ap patisipe nan yon pwogram sou kilti chinwaz la.

Apre sa, lidè chiwna a gen pou l fè chita-tande ak yon delegasyon òm dafè dorijin chinwaz ki posede izin kote yo fabrike pyès pou machin.

Se nan sware 20 janvye 2011 la, misye Hu te rive nan vil Prezidan Barack Obama a (an palan de Chikago) kote òm politik lokal yo ak dirijan sektè komès ak endistri a te òganize yon dine donè pou li.

XS
SM
MD
LG