Accessibility links

Breaking News

Plizyè Biwo Vòt Fèmen Nan Site Solèy (Wès Pòtoprens), Nan Jérémie Pou Vyolans Ak Tansyon


Elektè k ap chèche non yo sou yon lis elektoral nan yon biwo vòt nan Pòtoprens pou eleksyon palmantè dimanch 9 out 2015 la
Elektè k ap chèche non yo sou yon lis elektoral nan yon biwo vòt nan Pòtoprens pou eleksyon palmantè dimanch 9 out 2015 la

Plizyè biwo vòt nan Site Solèy (sektè wès kapital ayisyen an, Pòtoprens) fèmen pou zak vyolans, dapre korespondan Lavwadlamerik nan kapital la, Orpha Dessources.
Mandatè plizyè pati politik pat rive antre nan biwo vòt yo pou al verifye sa k ap pase. Yon lòt kote, Dessources pale ak youn nan obsèvatè Inyon Ewopeyèn nan ki di li konstate ak pwòp je l kèk elektè ki vote plis pase 2 fwa e l ap siyale sa nan rapò li sou eleksyon yo.

- Nan Jérémie, korespondan nou Luckner Laguerre di Lavwadlamerik 2 biwod'vòt fèmen nan vil la akoz tansyon ki genyen nan site grandanslèz la. Li di nou depi samdi swa manifestan tap boule kawotchou e tap voye wòch. Maten an, lapolis nan Jérémie sèvi ak gaz lakrimojèn pou kwape manifestan yo. Youn nan biwod'vòt ki fèmen nan Jérémie jodi a twouve l tou pre komisarya polis la. Lòt biwod vòt ki fèmen an se biwo ki nan Lise Nord Alexis a.
- Nan depatman nò peyi Dayiti, biwod vòt fèmen nan twa komin, pou pi piti: Dondon, Limbé ak Grande Rivière du Nord, dapre korespondan nou Yvan Martin Jasmin. Manifestan nan Dondon boule yon sant vòt nan "Joli Trou" dimanch. Manifestan yo ap pwoteste poutèt mandatè plizyè pati ki pa resevwa otorizasyon pou yo antre nan biwod'vòt yo pou y al defann enterè pati yo. Yvan di nou yon moun blese nan Limbé, yon lòt blese tou nan Limonade nan zak vyolans ki dewoule nan kad eleksyon yo. Yon lòt kote, Jasmin di elektè yo jwen bwat bilten deja plen nan yon biwod'vòt nan Katye Morin.
XS
SM
MD
LG