Accessibility links

Breaking News

Presyon Ap Fèt pou yon Pwokirè Espesyal Kontinye Ankèt Konsènan Espyonaj Larisi nan Eleksyon Prezidansyèl 2016 la Ozetazini


Rod Rosenstein, tap reponn kesyon Komisyon Jistis Sena Ameriken an nan Capital Hill avan pou l te jwenn ratifikasyon li kòm minis jistis-adjwen. 7 mas 2017.( Foto: REUTERS/Aaron P. Bernstein)
Rod Rosenstein, tap reponn kesyon Komisyon Jistis Sena Ameriken an nan Capital Hill avan pou l te jwenn ratifikasyon li kòm minis jistis-adjwen. 7 mas 2017.( Foto: REUTERS/Aaron P. Bernstein)

Dapre enfòmasyon ki sòti nan Kongrè ameriken an, James Comey, direktè FBI Prezidan Donald Trump revoke nan kòmansman semèn nan, te fè demand pou gouvènman an mete plis resous aladispozisyon ajans la pou li kontinye mennen ankèt sou yon posib enplikasyon Larisi nan eleksyon prezidansyèl novanm 2016 la. Mesye Comey ta fè demand sa a kèk jou sèlman anvan li pèdi djòb li.

Biwo Ankèt Federal la ap chache konnen tou si gen yon rapò ant Moskou ak responsab kanpay kandida Donald Trump la.

Minis Jistis Etazini an, Jeff Sessions, nan moman li ta pral pran lapawòl nan yon meeting nan Depatman Jistis la nan Washington, 18 avril 2017.
Minis Jistis Etazini an, Jeff Sessions, nan moman li ta pral pran lapawòl nan yon meeting nan Depatman Jistis la nan Washington, 18 avril 2017.

Dapre lejislatè ameriken yo, ansyen direktè FBI la te fè rekèt sa a bò kote vis-minis jistis la, Rod Rosenstein. Se Minis Jistis la,Jeff Sessions, ak adjwen li a, Mesye Rosenstein, ki te ekri nòt ki ta pral fèrekòmandasyon pou Lamezon Blanch revoke James Comey. Pandanstan, Depatman Jistis la lage dout sou egzistans yon nòt konsa.

Kèk ansyen kolèg Mesye Rod Rosenstein di li ta dwe rale kò l nan ankèt la epi nonmen yon pwokirè espesyal, yon fason pou moun pa pèdi konfyans nan depatman jistis la. Ansyen kòlèg sa yo poze kesyon pou yo mande: "Eske mesye Rosenstein kapab dirije ankèt la san patipri? Petèt."

Sepandan, Doug Gansler, yon ansyen minis jistis Eta Maryland, deklare: "Depatman jistis la pa kapab mennen envestigasyon sou Larisi a san l pa anboche yon pwokirè endepandan; e si sa pa fèt, Mesye Rosestein ap pèdi kredibilite l." Mesye Gansler te apiye chwa ansyen kòlèg li, Rod Rosenstein, pou pòs vis-minis jistis la.

Ansyen direktè FBI la, James Comey, avan li te pèdi djòb li. Mesye Comey tap reponn kesyon devan Komisyon Jistis Sena a nan Capitol Hill, Washington, 3 me 2017.
Ansyen direktè FBI la, James Comey, avan li te pèdi djòb li. Mesye Comey tap reponn kesyon devan Komisyon Jistis Sena a nan Capitol Hill, Washington, 3 me 2017.

Dapre Lamezon Blanch, Prezidan Donald Trump revoke James Comey, nan dat 9 me 2017 la poutèt li pat byen jere ankèt sou imel Hillary Clinton, ansyen Sekretè Deta sou premye manda Prezidan Obama a e kandida malere nan eleksyon prezidansyèl amerikèn la. Mesye Trump di li pèdi konfyans nan Direktè FBI la.

Lidè ameriken an voye bay Mesye Comey yon lèt kote li di: "Li enpòtan pou nou jwenn nouvo lidèchip pou Biwo Ankèt Federal la (FBI) yon fason pou pèp ameriken an kapab remete konfyans li nan misyon ak enpòtans gwo enstitisyon sa a.''

XS
SM
MD
LG