Yon otorite wo-plase nan domèn sante piblik la Ozetazini, Doktè Anthony Fauci, direktè Enstiti Nasyonal Sante a, pral fè depozisyon li madi 12 me 2020 an devan yon komisyon Kongrè a kote li pral lanse yon avètisman pou l di peyi a ka fè fas ak yon gwo danje si otorite yo elimine twò vit restriksyon yo mete an plas pou konbat pwopagasyon kowonaviris la nan peyi a.
Nan yon entèvyou Doktè Fauci bay jounal New York Times, li deklare mesaj prensipal li pral mete devan manm Kongrè a sè ke, si Lèzetazini boule etap yo epi li pa respekte rekòmandasyon ki nan yon plan an 3 faz La Mezon Blanch te prepare, “Ebyen, nou pral kouri risk pou nou fè fas ak plizyè eklatman epidemi maladi a atravè peyi a." Dokte Fauci ajoute::
“Non sèlman sa kapab pwovoke soufrans ak lanmò initilman, men tou sa ka fè nou fè yon gwo back nan efò n ap deplwaye pou n retounen nan yon vi nòmal.”
Depi kèk semèn deja, responsab lasante yo pa sispann lanse avètisman pou yo di, si otorite yo relache lòd ki mande pou moun rete lakay yo epi yo pèmèt aktivite komèsyal yo rekòmanse twò vit, sa kapab pèmèt KOVID-19 la retounen an fòs avèk yon gwo kantite nouvo ka, sa ki ka debouche a la fwa sou yon deteryorasyon kalite sante piblik la nan peyi a epi sou yon gwo deranjman pou eò administrasyon Trump la ap fè pou l relanse aktivite ekonomik yo.