Yon òganizasyon non gouvènmantal ap travay san bri pou’l kore edikasyon jèn yo nan vil mirebalais, nan peyi dayiti. Objektif li, edike e fòme teknikman e entelektyèlman (gratis) jèn nan plateau santral la. Direktè egzekitif fondasyon pou avansman teknolojik e ekonomik (Fatem) jacky poteau, di gwoup la egziste depi 6 zan e li deja bati 15 etablisman skolè. Egziste depi 6 zan.
Misye poteau di korespondan sèvis kreyòl la nan boston, eta massachusetts, wilson dubuisson, Fatem ap travay pou timoun ya p fòme yo louvri sou lavni (konprann fonctionnel) e se pou sa yo fenk entegre nan kourikoulòm nan aprantisaj lang angle akote 2 lòt lang ofisyèl ayiti yo: kreyòl ak franse.
Ale sou ikon mp3 anwo, adwat paj wèb la pou nou koute repòtaj wilson dubuisson an