Accessibility links

Breaking News

Yon Gwoup Etranje Vizite Sit Tranblemanntè Nouvèl Zeland la


Christ-Church nan Nouvèl Zeland tranblemanntè finn ravaje
Christ-Church nan Nouvèl Zeland tranblemanntè finn ravaje

Nan Nouvèl Zeland, fanmi etidyan lang nan tout Azi a ki nan la pèn wè pou premye fwa pil debri gwo tranblemannté ki antere pwòch yo semèn pase a.

Apeprè 250 vizitè etranje ak plis ke 100 sitwayen Nouvèl Zeland te pran otobis pou yo al wè ak 2 je yo dega tranblemanntè a, bilding ki kraze pami yo bilding ki te gen yon stasyon televizyon « Canterbury » ak yon lekòl pou lang etranjè nan vil Christchurch nan Nouvèl Zeland .

Plis ke 60 etidyan ki te soti o Japon, Chinn, Filipinn, Thailand ak lòt peyi toujou pa reponn a lapèl, kadav yo ka petét bloke anba dekonb.

Sipè-entandan lapolis la, Dave Cliff di jounalis yo ke atmosfè tour la te somb e emosyonèl men li di li panse ke sa ede fanmi yo wè ekstansyon devastasyon sa a.

XS
SM
MD
LG