Accessibility links

Breaking News
Azi

Ex-Prensès Japonèz la Kite Peyi'l Pou al Viv Ozetazuni ak Mari'l


Ansyen Prenses Japonez Mako, a goch, ki se pitit ene Prens Akishino a, wete mask li anvan li monte nan avyon pou'l al Nouyok ak mari li, Kei Komuro, 14 Nov. 2021.
Ansyen Prenses Japonez Mako, a goch, ki se pitit ene Prens Akishino a, wete mask li anvan li monte nan avyon pou'l al Nouyok ak mari li, Kei Komuro, 14 Nov. 2021.

Yon prensès Japonèz ki kite tonbe stati privileje li antanke manm fanmi wayal la, pou'l marye ak yon nèg li damou depi'l te elèv lekòl e ki se yon sitwayen odinè, rive Nouyòk siti. Anpil Japonè kritike prensès la pou chwa li fè a.

Depa Mako Komuro, ke Japonè konnen kòm Prensès Mako, ak Kei Komuro, (yo tou le 2 gen 30 an) te difize an dirèk o Japon. Moun te ka wè koup la ap monte nan avyon pandan yon pakèt kamera tap kapte imaj yo nan ayewopò Haneda a nan Tokyo.

Foto ki pibliye an liy montre koup la k'ap rive nan ayewopò JFK la nan Nouyòk, Dimanch.

Gen lòt prensès ki marye ak sitwayen odinè e ki kite palè a. Men Mako se premye moun ki soulve gwo pale anpil ak kritik konsa, ansanm ak reyaksyon sou rezo sosyal yo ak jounal ki pibliye zen.

Mako pèdi stati wayal li akoz Lwa Mezon Enperyal la, ki pèmèt sèlman gason dirije peyi a antanke wa oubyen prens.

XS
SM
MD
LG