Accessibility links

Breaking News

Ewòp: Manifestasyon Kont Gouvèman Plizyè Kapital


Polisye Fransè nan Saint-Lazar
Polisye Fransè nan Saint-Lazar

Manifestasyon sendika pete nan tout Ewòp la mèkredi 29 septanm 2010 la ak medsen, anplwaye tranzit yo, pwofesé ak biwokrat ap pwoteste nan yon demi douzèn kapital kont mezi mare senti gouvènman ki vize kontwole defisi bidjetè a k ap ogmante.

Lapolis nan Brusèl mete yon senti sekirite pou ansèkle plizyè dizèn milye manifestan ki vide pa bann e pa pakèt nan lari vil la pou fè manifestasyon devan katye jeneral Inyon Ewòp la.

Komisyon Inyon Ewòp la ap egzaminen pwopozisyon --pou l pini eta manm ki kontinye fè dèt pou finanse pwogram sosyal yo.

Yon lòt kote, responsab ransèyman oksidantal yo di yo dekouvri yon konplo ki t ap fèt pou lanse kèk atak teroris “stil komando” nan la Grand’Bretay, an Frans an’Almay e petèt mènm Ozetazini.

Otorite Ewopeyen yo di mèkredi 29 septanm 2010 la, konplo sa a toujou rete yon menas, men yo pa atann a okèn atak pou kounye la a.

XS
SM
MD
LG