Accessibility links

Breaking News

Lidè Ewopeyen yo Jwenn yon Akò sou yon Bidjè ak yon Asistans Istorik pou Eta ki Viktim Anba KOVID-19 la

Prezidant Komisyon Ewopeyèn nan, Ursula von der Leyen (a goch), ak Prezidan Konsèy Ewopeyen an, Charles Michel, ki t ap bay yon konferans pou laprès nan jounen madi 21 jiyè a. (Foto: Stephanie Lecocq, Pool Photo via AP).

Lidè Inyon Ewòp la rive jwenn, byen bonè nan jounen madi 21 jiyè 2020 an, yon akò sou yon bidjè 2 trilyon 100 Mmilya dola e sou yon plan asistans ekonomik pou eta-manm ki viktim pandemi kowonaviris la. Akò a gen ladan n 857 milya dola pou sa ki rele “prè lajan kowonaviris” ki pral sèvi kòm lajan prete oubyen lajan gratis pou peyi ki sibi plis dega anba maladi a.

Negosyatè yo fini pa antann yo sou plan sa a apre yon seri chita-tande ki te dire 4 jou ak 4 nuit, sa vle di pi lontan ke dire yo te prevwa a. Pi gwo rezon mezantant la sete yon divizyon ant yon gwoup 5 peyi nan peyi nò kontinan an (pami yo nou jwenn La Oland ak Lotrich) ki te plede pou yon soustraksyon nan valè lajan gratis orijinal la, swa 572 milya dola, mete sou kèk kondisyon djyanm sou fason peyi k ap resevwa kòb sa a pral depanse li, tandiske kèk lòt peyi, tankou Lespay avek Itali, t ap ensiste pou yo kite kontwòl sa yo nan nivo ki pi ba posib la.

Kèk nan lidè ewopeyen yo. De goch a dwat: Premye Minis Lagrès la, Kyriakos Mitsotakis, Premye Minis Espayòl la, Pedro Sanchez, Premye Minis Pòtigè a, Antonio Costa, Prezidan Woumani an, Klaus Werner Iohannis avèk Chanselyè Almay la, Angela Merkel, ki t ap fè yon dènye tablewonn anvan yo te vote sou akò a.

Palman Ewopeyen an gen pou l apwouve akò a anvan pou l antre an aplikasyon. Jiskaprezan peyi ewopeyen yo anrejistre 135 mil moun ki mouri anba KOVID-19 la; Itali, Lafrans ak Lespay se peyi ki anrejistre pi gwo kantite ka lanmò yo sou kontinan. Lòd anpil gouvènman ewopeyen pase pou yo mande sitwayen yo antre nan konfinman dekwa pou yo evite pwopagasyon viris KOVID-19 la –sa ki te bloke aktivite ekonomik yo—genyen konsekans grav seryezman sou ekonomi ewopeyèn nan. Se konsa ekonomis yo fè previzyon pou di kontinan an pral anrejistre yon resesyon 8,3% ane sa a.

XS
SM
MD
LG