Accessibility links

Breaking News

Evans Paul Rejte Tout Lide Dyalòg Avèk Konsèk Elektoral la


Dirijan yon koalisyon politik rejte apèl Konsèy Elektoral Pwovizwa a lanse pou l fè yon chita pale ak opozisyon an e dirijan sektè prive a lendi 12 jiyè k ap vini an. Evens Paul, ko-lidè koalisyon Altènativ e an menm tan dirijan KID (Konvansyon Inite Demokratik) fè konnen sèl tèm diskisyon opozisyon an te ka abòde ak KEP a, se pwosesis elektoral la. Men, daprè li, lidè opozisyon an menm jan avèk anpil sektè nan sosyete ayisyèn nan pa panse Konsèy Elektoral la merite konfyans ase pou l òganize pwochen eleksyon yo. Korespondan nou Renan Toussaint ap devlope nouvèl sa a pou tanmen virewon nap fè nan Pòtoprens ak lòt vil peyi a.

Klike sou ikòn MP3 ki anwo e adwat atik sa a pou w koute repòtaj sa ak lòt nouvèl sou peyi Dayiti.

XS
SM
MD
LG