Accessibility links

Breaking News

Etyopi: Otorite yo Dekrete yon Jounen Dèy an Memwa 157 Pasaje ki te Abò Boeing 737 la

Sekouris yo ki sou lye kote avyon Ethiopian Airlines la te echwe a tou suit apre li te fin dekole nan eyewopò Addis Ababa, Etyopi an direksyon Kenya, samdi 9 mas 2019 la. Boeing 737 Max 8 aircraft la te gen 157 pasaje ladan. (Foto: AP/Mulugeta Ayene)

Televizyon ann Etyopi rapòte sekouris yo jwenn youn pami bwat nwa avyon Etyopyan Airlines ki kraze dimanch 10 mas la 6 minit apre li te finn dekole.

Otorite yo dekrete yon jounen dèy an memwa 157 pasaje ki te abò Boeing 737 MAX jet ki tap soti nan Adis Abeba pou ale nan Nairobi. Te gen 20 pasaje pou pipiti ki ta pral patisipe nan asanble anyèl pwogram Nasyonzini sou anviwonmannan katye jeneral oganizasyon an nan Nairobi.

Drapo Nasyonzini an te monte a demi-ma lè delege yo te rive pou rankont la jodi lendi a.. Konpayi Etyopian Airlines entèdi tout 8 avyon Boieng 737 Max vole apre aksidan mòtèl la.

Fabrikan avyon Boeing anonse li depeche sou plas yon ekip teknisyen pou asiste otorite yo nan ankèt pou konnen koz aksidan an.

XS
SM
MD
LG