Accessibility links

Breaking News

Etazuni Di Fòk Eleksyon Fèt Ann Ayiti, Men Li Pa Di Gran Choz Sou Sityasyon Misyonè Bandi Kidnape yo


Foto Achiv: Lamezonblanch nan Washington.
Foto Achiv: Lamezonblanch nan Washington.

Yon wo responsab la Mezon Blanch fè yon miz ajou ak jounalis yo jodia sou kèk pwen kap fè aktyalite ann Ayiti.

Pa rapò ak 17 misyonè gang 400 Mawozo toujou kenbe yo (16 Ameriken ak yon Kanadyen) responsab la di Etazuni "an kontak tout tan" ak Polis Nasyonal Ayisyen an, lidè kominotè epitou moun gang la te kidnape epi lage. Yo an kontak tou ak moun ki souvri konsekans move zak gang yo poze.

"Apa sa, mwen pa gen anyen mwen ka di nou," responsab la deklare.

Paj akèy sit Christian Aid Ministries, 5 Nov. 2021.
Paj akèy sit Christian Aid Ministries, 5 Nov. 2021.


VOA Kreyòl rele Christian Aid Ministries jodia pou chache konnen kisa yo ka di nou de nouvo pa rapò ak misyonè yo. Nou pat rive pale ak okenn anplwaye men yon mesaj pre-anrejistre nou tande sou sit gwoup la di ke yo "an kontak regilyèman" ak fanmi moun 400 Mawozo kidnape yo e ke yap lapriye chak jou pou ensidan an rezoud san okenn moun pa mouri. Yo fè konnen gwoup relije afilye yo toupatou nan mond land, pami yo Endonezi ak Irland ap lapriyè pou moun Ayiti tou.

Migran Ayisyen

Sou kestyon migran Ayisyen yo, responsab la di "nou pa gen anyen nouvo."

Eleksyon

E sou kestyon eleksyon an, lè jounalis yo mande si Etazuni pral kontinye lanse apèl pou eleksyon dewoule osito posib, li reponn ke wi - Etazuni kontinye mande pou eleksyon fèt ann Ayiti.

"Sa vle di ke olye nou chwazi yon dat abitrè, nap konsantre sou etablisman yon anviwonman pwopis pou eleksyon dewoule. Byen antandu n'ap komanse ak sityasyon sekirite a, men tou, nou apiye yon ako negosye. Mwen ta di pozisyon Etazuni kounyela a se - nou apiye yon diyalòg ant sosyete sivil la, sektè prive a, epi gwoup relije yo."

Lot bagay nap eseye fè ke Prezidan an ak Vis Prezidan an mande nou fè se reflechi sou sa nou ta renmen wè pou Ayiti a lon term epi travay sou yon plan ke demokrat kou republiken apiye ki ale pi lwen pase sa nou te gen abitud fè nan le pase. A kou tèm n ap konsantre sou stabilite. Donk savledi pou noumenm Ameriken, nap apiye diskisyon k ap debouche sou yon akò konpreyansif," responsab la deklare.

Li ajoute ke tout diskisyon Ameriken fè ak moun ann Ayiti ak nan dyaspora Ayisyen an di yo vle pou se Ayisyen ki antann yo sou yon solisyon (pou peyi a) donk se sa Etazuni ap fè.


Korespondan VOA nan Lamezonblanch Jorge Agobian kontribye a repotaj sa a

Facebook Forum

XS
SM
MD
LG