Accessibility links

Breaking News

Etazini: Yon Moman Silans Pou Viktim Atak nan Eta Arizona a


Etazini: Yon Moman Silans Pou Viktim Atak nan Eta Arizona a
Etazini: Yon Moman Silans Pou Viktim Atak nan Eta Arizona a

Nèg 22 zan ki anba akizasyon kòmkwa li te tire sou depite Gabrielle Giffords (ki reprezante eta Arizona nan Kongrè ameriken an) ap prezante nan yon tribinal federal nan Phoenix lendi 10 janvye 2010 la.

Jared Loughner ap fè fas ak yon akizasyon pou tantativ asasinay sou yon manm Kongrè Ameriken an, 2 akizasyon kòmkwa li touye yon anplwaye gouvènman federal e 2 akizasyon kòmkwa li te chache touye yon anplwaye federal.

Pandanstan, Prezidan Etazini an Barack Obama lanse apèl pou mande yon moman silans a 11 è maten lendi 10 janvye 2010 la pou onore viktim yo. Drapo nan Mezon Blanch ak lòt bilding leta ak bilding militè pwal moute demi ma pondan tout semèn nan.

Prezidan Etazini an, Barack Obama, deklare dimanch 9 janvye 2010 la kominote entènasyonal la gen detèminasyon pou tout pati yo respekte angajman yo.

XS
SM
MD
LG