Accessibility links

Breaking News

Etazini Voye 2 Imigran ki te Vinn Mande Azil sou Fwontyè li Pataje ak Meksik Tounen


USA-IMMIGRATION/MEXICO
USA-IMMIGRATION/MEXICO

Vil El Paso, nan eta Texas se premye pò d'antre Etazini ki refoule 2 imigran, ki te vinn mande azil. Yo voye yo al tann randevou yon jij nan peyi Meksik.

Semen pase a Etazini te anonse li te jwenn yon antant ak Meksik pou l aksepte imigran ki vinn mande azil san dokiman legal ann atandan yon jij tande yo e pran yon desizyon si wi ou non yo kapab antre nan peyi l.

Dapre pòt pawòl òganizasyon entènasyonal pou migrasyon, 2 imigran te retounen all tann randevou on jij nan Ciudad Juarez apre yo te travèse al chache mande azil nan El Paso, Texas.

Youn nan 2 imigran Enrique Manzanares te deklare "yon fason li tris men mwen kontan akoz si w retounen nan Nikaragwa m ap retounen ak fanmi m. Finalman nou pap pèdi anyen".

Meksik fikse yon seri kondisyon ki ta dwe satisfè avan Washington te redemare pwogram MPP a. Pami kondisyon yo genyen vaksinasyon pou imigran k ap chache azil yo epi ekzanpsyon pou Etazini pa ekspilse moun ki vilnerab yo.

Prezidan Joe Biden te reziste pou l pat rekòmanse ak pwogram al tann Omeksik la ke ansyen administrasyon Donald Trump lan te mete sou pye. Li te vle inisye yon pwogram imigrasyon ak yon apwòch dapre li ki pi imen.

2 imigran ki t al mande azil nan El Paso Tegzas retounen al tann nan Ciudad Juarez dat pou rankontre yon jij
please wait

No media source currently available

0:00 0:03:30 0:00

Nan mwa d'out pase a yon jij federal te mande prezidan an pou l redemare pwogram MPP a akoz li pat swiv pwosedi nòmal yo lè l te kanpe pwogram nan.

XS
SM
MD
LG