Isit Ozetazini, yon otorite wo-plase nan Mezon Blanch te deklare, madi 14 fevriey 2017 la, “Lapè ant peyi Izrayèl ak Palestinyen yo pa oblije pase nesesèman pa yon solisyon ki mande kreyasyon 2 eta kap viv kòt-a-kòt.” Otorite sa a te pale ak laprès anvan Premye Minis izrayelyen an, Benjamin Netanyahu, te rankontre ak Prezidan ameriken an, Donald Trump, nan Mezon Blanch mèkredi 15 fevriye 2017 la.
Otorite wo-plase a kontinye pou l di “Lèzetazini pa pral dikte ki kondisyon ki dwe reyini pou 2 pati yo fè lapè; men pito Washington pare pou l aksepte tout solisyon 2 pati yo antann yo pou yo aplike."
An tou ka, pandan chèf gouvènman Eta Jwif la tap pare pou l antre Ozetazini, li pat sanble dispoze pran okenn angajman sou dosye a.
Men li te pale pou l di: “Alyans ki egziste ant Izreyel ak Lèzetazini se yon alyans ki toujou ekrtèmman solid, e li sou wout pou l vin pi fò toujou.” Premye minis Eta Jwif la kontinye pou l di, “ Prezidan Trump avek mwen, nou gen menm pozisyon, non selman sou danje ki poze nan rejyon an, men tou sou opòtinite ki devan nou yo.”
Mesye Netanyahu fini pou l di, “Nou pral pale de 2 aspè sa yo nan dosye a, san bliye nesesite pou n ranfòse relasyon ant Izayèl ak Lèzetazini nan anpil domèn.”