Accessibility links

Breaking News

Etazini: Vis Prezidan Biden Rive O Meksik


Vis Prezidan Etazini an Joseph Biden (foto achiv)
Vis Prezidan Etazini an Joseph Biden (foto achiv)

Vis prezidan Etazini Joe Biden ateri nan vil Meksiko nan peyi Meksik kote li pral rankontre separeman avèk prezidan meksiken an, Felipe Calderon e ak 3 kandida prezidansyèl k ap chache ranplase msye Calderon ane sa a.

Vyolans sou fwontyè ak kontrebann dwòg sanble ap nan tèt lis sijè pou diskisyon. Msye Biden pral vwayaje Honduras madi 6 mas la pou l rankontre avèk Prezidan Porfirio Lobo ak kèk lot chèf deta rejyonal pou diskite sou zafè dwòg ak kesyon sekirite.

XS
SM
MD
LG