Accessibility links

Breaking News

Etazini Taka Pa Voye Diyitè Nan Jezolenpik Peken yo


Prezidan Joe Biden rankontre Premye Minis Kanadyen an Justin Trudeau nan Biwo Oval Lamezonblanch la, 18 Nov. 2021.
Prezidan Joe Biden rankontre Premye Minis Kanadyen an Justin Trudeau nan Biwo Oval Lamezonblanch la, 18 Nov. 2021.

Prezidan Joe Biden fè konnen Jedi ke Etazuni ap reflechi pou wè wi li pral fè yon boykotaj diplomatik Jezolenpik Ivè Peken yo ane pwochèn akoz move dosye la Chin sou kestyon dwa moun nan. Mezi sa a ta anpeche diyitè Ameriken yo patisipe nan je yo men pa atlèt yo.

Nan pale li te fè ak jounalis yo nan moman li tap akeyi Premye Minis Kanadyen an Justin Trudeau nan Biwo Oval la nan Lamezonblanch, Biden te deklare boykotaj Jezolenpik mwad Fevriye a se "yon bagay n'ap konsidere."

D'abitid, Etazini ak lot peyi yo voye delegasyon wo-nivo nan tout Jezolenpik yo. Premyè dam Jill Biden te dirije delegasyon Etazini te voye nan Jezolenpik Ete Tokyo yo ane sa a, e dezyèm jentleman Doug Emhoff (mari vis prezidant la) te dirije delegasyon ki t'al nan Je Paralympik yo.

Plizyè gwoup entènasyonal ak kèk manm Kongrè Ameriken an lanse apèl pou Etazini fè yon boykotaj senbolik Je Peken yo poutèt fason la Chin sere boulon Uyghur yo epitou diminye libète moun Hong Kong yo. Patisipasyon atlèt Ameriken yo patap afekte ditou.

Sekretè laprès Lamezonblanch la Jen Psaki deklare pa gen yon dat limit pou desizyon prezidan an sou kestyon sa a.

Lamezonblanch di Jezolenpik yo pat diskite pandan rankont o somè Biden te fè pi bonè nan semèn nan ak lidè Chinwa Xi Jinping.

Facebook Forum

XS
SM
MD
LG