Accessibility links

Breaking News

Etazini: Sena Ameriken an Apwouve Nouvo Akò Komèsyal ak Amerik di Nò a


Lidè majorite a nan Sena a ameriken Mitch McConnell(R-KY) ki tap pale ak laprès nan Capital Hill la 14 janvye 2020 nan Washington DC. (Foto: Mandel NGAN / AFP)
Lidè majorite a nan Sena a ameriken Mitch McConnell(R-KY) ki tap pale ak laprès nan Capital Hill la 14 janvye 2020 nan Washington DC. (Foto: Mandel NGAN / AFP)

Sena ameriken an apwouve jedi 16 janvye a akò komèsyal Amerik di Nò a, yon trete administrasyon Prezidan Donald Trump la siyen ak Meksik e Kanada. Kounye a, lidè ameriken pral gen pou l poze siyati li anba dokiman an anvan pou l antre anvigè.

Akò komèsyal Amerik di Nò a ranplase ALENA ki te egziste pandan 25 ane ki sot pase yo, yon trete Etazini te jwenn an 1994, sou administrasyon prezidan Demokrat Bill Clinton.

Nouvo akò a Sena ameriken an apwouve jedi a gen ladann kèk nouvo règleman tankou manifakti otomobil ak komès sibènetik.

XS
SM
MD
LG