Accessibility links

Breaking News

Etazini Reponn Menas La Risi Fe pou'l Ogmante Prezans Milite li Kiba ak Venezyela


Konseye Nasyonal Sekirite Lamezonblanch Jake Sullivan, pandan yon konferans pou lapres nan Washington, 13 Janvye 2022.
Konseye Nasyonal Sekirite Lamezonblanch Jake Sullivan, pandan yon konferans pou lapres nan Washington, 13 Janvye 2022.

La Risi pa ekate posibilite pou'l deplwaye twoup nan Kiba ak Venezuela si tansyon ak Etazini yo ogmante pi plis. Sandra Lemaire gen detay sou reyaksyon Etazini.

La Risi ogmante tansyon ak l'oksidan Jedi sou kestyon ekspansyon LOTAN an. Yon diplomat wo plase derefize ekate posibilite pou peyi li deplwaye milite nan Kiba ak Venezyela si tansyon yo ogmante pi plis ak Etazini.

Konseye Sekirite Nasyonal Lamezonblanch, Jake Sullivan pa bay menas sa yo twop enpotans.

"Mwen pap reponn pawòl anpil kap fet an piblik ki pat janm soulve pandan Diyalòg sou Stabilite Estratejik la," Misye Sullivan deklare pandan yon konferans de press nan Lamezonblanch Jedi apremidi. "Si la Risi ta fe sa, nap kontre'l yon fason desizif."

Misye Sullivan di li pa konnen kile yo pral pale ankò.

"Nou pa fikse dat pou okenn nouvo diskisyon. Fok nou konsilte alye nou yo ak patne nou yo dabò. Nap kominike ak Ris yo pa rapo ak sak vini apre," misye di jounalis yo.

Minis afe etranje adjwen Ris la Sergei Ryabkov te dirije delegasyon Ris ki te fe chita pale ak Etazini Lendi.

Negosyasyon yo kap dewoule nan Jenev - santre sou paket twoup Ris ki gonfle sou frontye Ikren ak ke sote l'oksidan genyen pou se pa yon envazyon Ris yo ap pare.

XS
SM
MD
LG