Accessibility links

Breaking News

Etazini Ranfòse Asistans Li Pou Pakistan


Depatman Deta Ameriken fè konnen prezidan Komisyon Afè Etranjè Sena a, John Kerry, pral fè yon visit nan Pakistan semèn pwochèn nan pou l fè yon virewon nan zòn ke inondasyon devaste nan peyi sa a.

Misye Kerry se patwon enpòtan yon plan dèd ki pral pote asistans pandan lontan bay sivil nan Pakistan –yon plan dèd kongrè ameriken an te apwouve ane pase a. Sou yon peryòd 5 an, plan sa a pral pèmèt Lèzetazini bay popilasyon sivil la nan Pakistan yon asistans k ap montre rive 7 milya 500 milyon dola.

Pou sa ki konsène èd entènasyonal peyi sa a ap resevwa pou l kapab fè fas ak move konsekans inondasyon yo, diretkè pwovizwa pwogram sekou dijans nan Ajans Amerikèn pou Devlopman Entènasyonal (USAID), Mark Ward, pale ak laprès jedi 12 out la pou l di angajman kominote entènasyonal la vizavi Pakistan ta dwe kontinye menm aprè inondasyon yo ta fin fè kous yo.

Misye Ward di: "Lèzetazini pral kenbe angajman pa li. E nou te mèt kwè ke nou pral sèvi ak tout resous nou, pou n fè lòt peyi yo fè menm bagay avèk nou. Fon dèd pou Paksitan an, se yon fon ki solid e djyanm. Moun ki sou teren an deja e ki t ap deside kijan pou lajan sa a depanse, oblije chanje plan yo akoz inondasyon yo. Tout planifikasyon yo t ap fè –kit sa gen rapò ak pi bon fason pou yo bay rejyon yo kouran elektrik, pi bon dlo, pi bon enfrastrikti, eben, tou sa chanje akoz inondasyon yo."

Otorite yo nan Depatman Deta ap ankouraje konpayi prive amerikèn yo ak senp sitwayen yo pou yo patisipe nan efò ki sou pye Ozetazini pou voye asistans bay Pakistan.

XS
SM
MD
LG