Accessibility links

Breaking News

Prezidan Trump Defann Bofis li, Jared Kushner, Kont Akizasyon Kòmkwa li te Etabli Liy Kominikasyon ak Larisi


Prezidan Ameriken an, Donald Trump, agoch, ak bofis li, Jared Kushner, adwat, nan Riyadh,Arabi Saoudit, 21 me, 2017.
Prezidan Ameriken an, Donald Trump, agoch, ak bofis li, Jared Kushner, adwat, nan Riyadh,Arabi Saoudit, 21 me, 2017.

Prezidan ameriken an, Donald Trump, defann bofis li, Jared Kushner, ki se yon gwo konseye Lamezon Blanch, anba akizasyon kòmkwa li te fè tantativ, dapre nouvèl yo, pou l tabli yon wout pa bwa pou l kominike ak responsab ris yo nan semèn anvan lidè ameriken an te prete sèman.

Mesye Trump deklare pandan li te nan New York Times, lendi 29 me 2017 la, Jared Kushner ap fè yon bon, bon travay pou peyi a, e li palse konfyans li nan konseye Mezon Blanch la. Lokatè Meson Blanch la kontinye pou l di se tout moun nèt ki respekte bofis li, e ke lap travay sou kèk pwogram ki pral pèmèt Lèzetazini ekonomize plizyè milya dola.

Konseye prezidansyèl Jared Kushner, ki genyen 36 zan, tap travay kòm yon gwo potanta nan domèn imobilye anvan li te pote kole ak staff Lamezon Blanch la. Li se mari pi gran pitit fi Prezidan Donald Trump la, asavwa Ivanka Trump, ki se yon konseye nan administrasyon amerikèn nan tou.

XS
SM
MD
LG