Ozetazini, Prezidan Barack Obama pwopoze plis taks sou moun rich yo ak gwo konpayi yo avèk plis rediksyon sou depans gouvènman an nan moman li soumèt devan Kongrè a plan bidjè federal pou ane 2013 la ki se 3 trilyon dola.
Mesye Obama dekri gran liy priyorite bidjè a nan yon inivèsite kominotè tou prè Washington. Li mete aksan , sou efò li pou ogmante finansman ki nesesè pou edikasyon, pou ede etidyan yo gen metye teknik yo bezwen pou yo jwen bon travay:
"Lide Prensipal nan Budjè a se sa. Nan moman lè ekonomi nou an ap grandi e kreye djòb yon fason pi rapid, nou dwe fè tou sa ki nan pouvwa nou pou nou kenbe relans sa a sou ray.
Yon pati nan travay nou se diminye defisi nou an. E si Kongrè a adopte bidjè sa a avèk koupi nou deja fè sou depans nou, nou pral kapab redwi defisi nou an pa 4 trilyon dola bò lane 2022.
Mwen pwopoze kèk rediksyon difisil ke francheman mwen pa t ap fè nòmalman amwenske yo vrèman nesesè, e yo nesesè."
Kongrè a gen pou l apwouve pwojè lwa bidjè a anvan pou l vin tounen lwa , e manb pati opozisyon an , an palan de repibliken yo kritike priyorite bidjè Prezidan Obama a, seriezman.