Accessibility links

Breaking News

Etazini: Prezidan Obama Chwazi yon Nouvo Ekonomis an Chèf


BaPrezidan Obama anonse li chwazi ekonomis Inivèsite Princeton Alan Kruegger kòm ekonomis an chèf nan Lamezon Blanch la
BaPrezidan Obama anonse li chwazi ekonomis Inivèsite Princeton Alan Kruegger kòm ekonomis an chèf nan Lamezon Blanch la

Prezidan Obama anonse li chwazi ekonomis Inivèsite Princeton Alan Kruegger kòm ekonomis an chèf nan Lamezon Blanch la. Prezidan Obama presize , li chwazi Kruegger nan kad yon tantativ pou kenbe pwomès li ki se santre atansyonn sou relans ekonomik la ak kreyasyon djòb sutou pou ameriken ki pa satifè ak jan li ap jere kriz ekonomik la.

Prezidan Obama di:

"Mwen konte sou komisyon konsèye ekonomik yo pou yo founi analiz solid ak rekòmandasyon ki pa baze sou politik , ki pa baze sou pwòp enterè yo, men ki baze sou pi bon reyalite ou ki base sou sa k ap pi bon pou plis moun nan peyi a e sa ki definivman pi enpòtan jounen jodiya plis ke tout lòt lè.

Nou bezwen moun nan Washington k ap pran desizyon ki baze sou sa ki pi bon pou peyi a non pa sou sa ki pi bon pou yon pati politik ou pou enterè spesyal."

Alan Kruegger te sèvi nan administrasyon prezidan Obama a kòm ekonomis nan Depatman Finans la , men li te kite fonksyon sa a pou l te retounen nan Inivèsite Princeton. Chwa Kruegger a gen pou l pase nan sena a pou konfimasyon.

Men Kruegger gen avantaj dèske li te deja jwenn konfimasyon nan sena a pou l te ranpli fonksyonn kòm ekonomis nan Depatman finans la. Kruegger genyen yon PhD nan ekonomi ke li te dekwoche nan Inivèsite Harvard.

XS
SM
MD
LG